À mon sujet

Dodley Severe, te diplome doktè nan Medsin nan Fakilte Medsin ak Famasi (FMP) de Inivèsite Leta an Ayiti (UEH) an 1983. Apre fòmasyon espesyalize’l (1984-1987), nan Pedyatri Jeneral nan Lopital Inivèsite Leta’a (HUEH/lopital general), li prezante bay Iniversite Paris Sid, tèz li sou « Enterocolite ulcéro-nécrosante du nouveau-né” nan kad espesyalizasyon li tap fè nan neonatoloji nan lopital Antoine Béclère nan Clamard a Paris.
Li te rantre nan ekip pedyatri lopital general lan kòm medsin de sèvis e, an 1995, li ta pral nonmen Asistan chèf sèvis. Nan wòl sa’a, li te sipèvize aspè akademik pwogram fòmasyon espesyalize an. Sa te pèmèt li evalye bezwen fondamantal pou fòmasyon apwopriye jèn doktè ki ta pral vin pedyat. Evalyasyon sa’a te mennen nan yon ranfòsman ansèyman inisyal pedyatri nan Depatman Pedyatri nan Inivèsite Leta’a (UEH) nan twazyèm ak katrièm ane nan fakilte medsin.
Dodley Severe te nonmen Pwofesè e pita Chèf Depatman Pedyatri nan Inivèsite Leta’a. Pou plis pase ven lane, li te rive ekzekite nan Depatman sa’a yon vizyon rasyonèl ki konsistan ak reyalite peyi’a, gras a yon atikilasyon leson teyorik yo ak aspè pratik la. Etidyan an, nan fen fòmasyon medikal general li, kapab idantifye pwoblèm ti bebe yo pou li ka vinn kontribye nan amelioratyon kalite swen pou ti moun ki fenk fèt yo.
An jiyè 2011, apre destriksyon sèvis Pedyatri lopital general pandan tranbleman de tè 12 janvye’a, li te remete sou de pie’l, inite neonatoloji nan lopital’la gras a sipò sèten patnè entènasyonal e ak konsèy otorite lopital la. Nan menm peryòd la, li ta pral tou pwofite pote an Haïti, youn nan apwòch ki pèmèt bay bon jan kalite swen pou ti bebe ki pa peze anpil yo: Méthode Mère Kangourou (MMK). Li toujou kontinye ap dedye’l a adaptasyon lokal lan e ak aplikasyon nasyonal metòd la.
Anplis plizyè piblikasyon ak kominikasyon syantifik, an 1994 li te pibliye yon liv sou swen tibebe ki fèk fèt yo (Notes de Pédiatrie néonatale : un protocole thérapeutique). Dokiman sa’a rete youn nan referans prensipal yo nan domèn edikasyon neonatal an Ayiti. An 2000 li rive fè yon sit entènèt (https://dodleysevere.com/) kote li mete tout kalite dokiman ak diferan atik ke li ekri pou fasilite ansèyman li nan inivèsite yo. Kontribityon sa yo se nan sousi pou ofri etidyan ak residan resous pou yo kapab byen fòme.
Dodley Severe se yon manm Akademi Ameriken pou Pedyatri (AAP) ak Sosyete Fransèz pou Neonatoloji (SFN). Li te Kowòdonatè Zafè Akademik ak Rechèch, Direktè Rezidans nan Lopital pou Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), Vis Dwayen Medsin nan Fakilte Medsin ak Famasi, Direktè Egzekitif Lopital La Paix, e apre Konseye Teknik pou MSPP. Li toujou Chèf Depatman Pedyatri nan UEH e, depi sèt dènye lane sa yo, li se Chèf Depatman Pedyatri nan Fakilte Medsin ak Syans Sante nan Inivèsite Notre Dame d’Ayiti (UNDH). Nan HUEH, jodi’a li okipe pòs konseye teknik pou swen matènèl ak ti bebe, e nan Inivèsite Fondasyon Dr. Aristide (UNIFA), kòm yon manm rektora a, ki responsab zafè akademik yo. Depi Jiyè 2011, li se kowòdonatè « Pwogram manman kangaroo, » yon òganizasyon swen sante ki baze nan HUEH e ki ap travay pou tibebe ki fèk fèt e ki pa peze anpil yo.
Dodley Severe
Auteur/autrice
dodleys@hotmail.com
